Paroles
Pa jwe mizik sa
Chak fwa m tande l, m santi m blese
Se li k premye danse
Nan premye ti bal nou t ale
Pa jwe mizik sa
Se tankou yon kout kouto anba kè
Lavi m g on gou anmè
San ou mwen santi tout doulè
Men ou met jwe mizik sa
Men bwat vokal la pa chanje
Se vwa nou toulède
K ap di kite mesaj souple
Cheri, m p ap janm pare
Pou mwen bliye jan nou te ye
Pa jwe mizik sa
Nou te tankou de timoun fou
Kit djab, kit lougawou
Nou pa t pè tèlman n te damou
Ouh-oh, ouh-oh, ouh-oh, ouh-oh!
Pa jwe mizik sa
Yo di w pa ka gen de manman
Men, cheri, gen de moman
Pou mwen ou te plis ke yon manman, ayay!
Men ou met jwe mizik sa
Youn nan bèl souvni mwen gen de ou
Le ciel fè nou yon kou
Mwen pedi w nan goudougoudou
M pa kwè m ap janm pare
Pou mwen bliye jan nou te ye
♪
Hey, he-hey!
Epi nou trè KLASS
(Gade nan kè m, w a va wè)
Tribilasyon mwen
♪
Gade nan kè m, w a va wè
Malè pa janm anonse
Prekosyon p ap janm ase
Lè se desten ki deside
Veux, veux pas, fò w reziye w (pa gen chwa)
Pa janm fè rezèv lanmou
Lè n gen yon moun nan vi nou
Ti mizik sa se pou nou
Mesaj la ka sèvi nou
M pa vle wè moun kriye
Se lavi l m ap selebre
Pito m wè n ap danse
Se sa k ka soulaje m
Olye n plede di n ap gen tan
Pou n eksprime lanmou
Pito n pwofite chak moman
Lavi a ofri nou
Se konsèy sa m ka ba nou
Malè pa janm anonse (oh-oh, oh)
Prekosyon p ap janm ase
Lè se desten ki deside
Veux, veux pas, fò w reziye w (zanmi mwen, fò w reziye)
Pa janm fè rezèv lanmou (oh-oh, oh)
Lè n gen yon moun nan vi nou
Ti mizik sa se pou nou (ay!)
Mesaj la ka sèvi nou
M pa vle wè moun kriye
Se lavi l m ap selebre
Pito m wè n ap danse
Se sa ka soulaje mwen
Olye n plede di n ap gen tan
Pou n eksprime lanmou
Pito n pwofite chak moman
Lavi sa ofri nou
S on konsèy, woy!
♪
Gade nan kè m, w a va wè
(Cheri, baby)
(Manmi)
Gade nan kè m, w a va wè
Cheri, m sonje w
Klass it is, baby, yes it is, baby
Tabo...
♪
La, la, la, la, la!
La, la, la, la, la!
La, la, la, la, la!
M vle wè tout moun kenbe moun nou
(Cheri, m sonje w)
Janjan
Stalists est un site qui fonctionne en utilisant des cookies pour garantir une expérience utilisateur fluide. Ces cookies sont stockés dans votre navigateur et jouent un rôle essentiel, tels que la reconnaissance de votre visite sur notre site et l'aide à notre équipe pour déterminer les sections du site qui vous semblent les plus intéressantes et utiles. Vous avez la possibilité de consulter notre politique de confidentialité pour obtenir davantage d'informations sur l'utilisation des cookies sur Stalists.Conditions D’utilisation Politique De Confidentialité Politique De Cookies
Cookies tiers
Ce site utilise Google Analytics pour collecter des informations anonymes telles que le nombre de visiteurs du site et les pages les plus populaires.
Garder ce cookie activé nous aide à améliorer notre site Web.
Veuillez activer d’abord les cookies strictement nécessaires pour que nous puissions enregistrer vos préférences !